Bonjou!
Mache ak monte bisiklet se aktivite trè an sante pou kò ak sèvo ou. Nou vle pou ou an sekirite lè ou mache oubyen monte bisiklet ou pou ale lekòl oubyen nan pak la.
Swiv 10 siy nan pasaj sa pou aprann kijan pou mache oubyen monte bisiklet ou an sekirite.
Pran plezi pandan w ap jwe ak fanmi ak zanmi ou nan pasaj sa!

PASAJ POU PYETON
Yon kote ki make pou travèse lari a
KIJAN POU FÈ

Rete nan liy blan pentire yo lè ou travèse lari a. Mache, PA kouri, lè w ap travèse lari a.
ESEYE SA!

Mache tankou zannimo ou plis renmen a pou travèse pasaj pou pyeton a. Pou egzanp: Sote tankou yon lapen oubyen yon krapo. ¡KWÒT-KWÒT!
ESKE OU KONNEN?
Siyal sa a vle di “san danje pou travèse” men ou toujou bezwen gade avan ou travèse lari a.

A GÒCH-A DWAT-A GÒCH
Sa pou fè avan ou travèse lari a
KIJAN POU FÈ
Avan ou travèse, tcheke pou asire ke wout la klè.
Toujou gade…

A gòch…

…apre a dwat…

...e ankò a gòch
...avan travèse lari a.
ESEYE SA!

Jwe Simon Di ilitze mo "a gòch" ak "a dwat".
ESKE OU KONNEN?
Bò gòch de sèvo a kontwole bò dwat de kò a.
Bò dwat de sèvo a kontwole bò gòch de kò a.

KOUB
Pavman ki leve antre kwen lari a ak twotwa a.
KIJAN POU FÈ

Toujou rete nan koub la, ak kanpe kèk distans de lari a pou ou pa twò pre trafik.
ESEYE SA!

Jwe Limyè Wouj, Limyè Vèt ak yon zanmi pou pratike kijan pou rete.
ESKE OU KONNEN?
Siyal sa a vle di “PA MACHE.” Le siyal sa limen, li pa an sekirite pou travèse. Tann pou siyal “MACHE” a.

OBSTRIKSYON
Nenpòt bagay ki bloke vi ou.
KIJAN POU FÈ

Si gen yon bagay ki bloke vi w, tankou yon machin estasyone, li pa an sekirite pou travèse. Chèche yon plas kote ou gen yon vi klè de lari a pou travèse an sekirite.
ESEYE SA!

Jwe Lago Kache. Ki obstriksyon ou ka jwenn nan pak la ki ka bloke vi ou?
ESKE OU KONNEN?
Misk ki kontwole je ou se misk ki pi aktif nan kò ou.

VIZIBILITE
Fasilite pou wè yon bagay
KIJAN POU FÈ

Mete koulè klere lè w ap mache oubyen monte bisiklet ou pou moun ka wè ou pi fasil.
ESEYE SA!

Jwe Mwen Wè. Eske ou ka jwen yon bagay jòn, vèt, wouj, oubyen zoranj?
Koulè sa yo se kèk nan pi vizib yo.
ESKE OU KONNEN?
Siyal sa di chofè lè pou yo rete (wouj), ralanti (jòn), ak lè pou yo ale (vèt).

KAS
Pwoteksyon pou tèt ou
KIJAN POU FÈ
Asire w ke kas ou ajiste byen avèk règleman de-dwèt la. Kas la sipoze kouvri fwon a.

De dwèt antre anmitan kas la ak sousi yo

Kòd yo fè yon “V” otou zòrèy yo

De dwèt antre anmitan manton ak kòd la
ESKE OU KONNEN?
Siy sa de chofè ke yo sipoze rete konplètman epi asire ke lari a san danje ak klè avan yo ale.

V.F.C. RAPID
Kisa pou w fè anvan ou monte bisiklèt ou
KIJAN POU FÈ
Itilize “V.F.C. Rapid” anvan ou monte yon bisiklèt.
V se pou “VAN” (gonfle kawotchou yo)
F se pou “FREN”
C se pou “CHÈN”
Rapid se pou "Levye pou lage rapid".

ESKE OU KONNEN?
Objè metal wouye pi fasil nan kote imid tankou Miami. Si bisiklèt ou vin wouye, li ka pa travay. Pran swen bisiklèt ou!

RÈGLEMAN DE LARI A
Aksyon pou pran pou rete an sekirite lè ou monte bisiklèt ou
Cómo se hace

Itilize men ou pou fè moun konnen lè w ap vire oubyen kanpe.

Lè w ap monte nan lari a, TOUJOU monte nan menm direksyon ak trafik.
ESKE OU KONNEN?
Moun ka fè aksidan lè yo destrè nan telefòn yo. Pa itilize yon telefòn oubyen ekoute mizik nan zorey ou lè w ap travèse lari a oubyen monte bisiklèt ou.

MÈSI POU PATISIPE!
Nou espere ke ou te gen plezi epi aprann nouvo bagay de mache ak monte bisiklèt an sekirite.
Toujou sonje:
- Fè atansyon lè w ap travèse lari a.
- Gade a góch-a dwat- a góch anvan ou travèse lari a.
- Itilize kas ou lè w ap monte bisiklèt ou.
- Tcheke bisiklèt ou anvan ou monte.
- Swiv règleman ak siy lari a.
Fanmi, swiv konsèy ak règleman de sekirite sa yo!
NOU APRESYE OPINYON OU!
Fè nou konnen si ou te jwi pasaj la!
Mèsi, Brandon!

Bay Brandon (14an) yon bat men! Li prete talan kreyatif li, epi fè desen yo pou pwojè sa.
Mèsi!